KrisPek - SI W RENMEN L [Official Video]

  Рет қаралды 176,299

KrisPek Nèg Bèf La

KrisPek Nèg Bèf La

3 жыл бұрын

[Intro]
................................
[Verse 1]
Pa gen mizik ki pa ka mache
depi l g on piblik ki pou akonpanye l
Nenpòt jan an, zèv la p ap gache
Pa gen jan pou talan an kache
Si w fè devwa w kòm fàn
Pataje sa w renmen, sou sa w pa renmen yo fò w pa ret tache
Pa g on afè de tandans
Konpa ou rap, se piblik ki bay hit
Depi l travèse w li ka mennen, menm sou beat bout mamit
Jis aprann fokis sou sa w feel
Aprann pataje sa w feel
A fòs w ap pale de pwodwi w renmen, nenpòt ki tande w fò l swiv
Se menm jan an lè w kritik on zèv
À la minute ou di w pa renmen l, ou voye tout moun ki tande w di ou pa renmen l al chèch on prèv
S on fason pou m di w, sa w inyore pap pase
Si w swete wè m on top, pataje son m, kote w vle ou ka plase m
Paske se piblik ki fè zik mennen
Difisil m fè l, si n renmen l
Nou ka fè l rantab
Pa g on kesyon de piblik pi feel yenyen
Tout atis ki vin star se gras avèk fànbez li
Si mizik mwen travèse w, lè pou w pataje l, fò w pa lazy
Koz...
[Refrain]
Si w renmen l
Atann g on lòt ki ka renmen l tou, jwe l nan baz ou
Si w renmen l
Kite l fè w vwayaje, chak fwa w koute l nan kas ou
Si w renmen l
Epi w chwazi sipòte l, Yo... m pa ka mouri pòv
Si w renmen l
Ou ka fè m ouvri kò m
Si w renmen l
Ou ka fè m jwi kòb
(2x)
[Verse 2]
M konnen chak fwa n anvi entèprete m,
Vibe la pa pèmèt
M agresif, “bonjou” m sanble “vouzan”
M rap like m ap fè dwèt
Men l enpòtan pou n aksepte sa a se idantite m
Rap hardcore, bèl tèks
Si m diferansye m se pou n ka idantifye m
Si medya pa woule m, pa grav, m pa t janm on pwent tete
Pi gwo fòs on atis se fànbez li
Pa gen fent, pepe
M rekonèt fòs medya, men yo pap ka fè m ret grapyay... si n avè m
Koz yo pap ka bòykote m si yo pa megabay
M pito rete pòv pou m kontinye fè mizik rich
Tan pou m anrichi m sou do n nan ba nou mizik pòv
Ou pa oblije ret koute m, si w pa renmen m jis switch
Al sipòte on lòt ki bay zòrèy ou plis love
Koz... Chak fwa w ban m on ekout
Atis w a pèdi on ekout
Chak grenn view se kòb
1 goud + 1 goud sa bay 2 goud
M pap desann nivo rap mwen pou m vin chèche clout
M fè mizik jan m renmen l, jan m santi l
M pa oblije fè enpak
But...
[Refrain]
Si w renmen l
Atann g on lòt ki ka renmen l tou, jwe l nan baz ou
Si w renmen l
Kite l fè w vwayaje chak fwa w koute l nan kas ou
Si w renmen l
Epi w chwazi sipòte l, yo! M pa ka mouri pòv
Si w renmen l
Ou ka fè m ouvri kò m
Si w renmen l
Ou ka fè m jwi kòb
(2x)
________________________________________
Rete konekte avèk KrisPek :
Instagram : krispeknegbefla...
Facebook : / krispeknegbeflaofficial
Twitter : krispekofficial?s=11
________________________________________
#ODT #EPComingSoon #PaGenMizikKiPaKaMache

Пікірлер: 1 800
@zopoloofficiel
@zopoloofficiel 3 жыл бұрын
Pye mizik la pa koupe, kouman pou l paka mache a ? #KrisPek 🔥✊🏽 kontinye vanse bro. Amelyore w men pa janm bese nivo a.
@ClarensGElie
@ClarensGElie 3 жыл бұрын
Bon w bon an, se pa san rezon. Ou tande bon tou.🔥👏
@neganm69officiel
@neganm69officiel 3 жыл бұрын
Gen anpilll fos nan pawol sa yo nou rnmenw broh men fonn prouvew sa man ✊✊✊✊✊✊🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
@comediayamor5275
@comediayamor5275 3 жыл бұрын
Banm nouvel featuring ak ti matelli a jajaja
@madbeatmaker1995
@madbeatmaker1995 3 жыл бұрын
RAP 🔥 Si Medya Pa Woulem Se Pa Grav Mpat Janm Pwent Tete 🙌🏾
@Widjensofficial
@Widjensofficial 3 жыл бұрын
Hey boo m sot Abone a channel KZfaq ou an pase remet mwen li love bizou kokot
@ayitimusic509
@ayitimusic509 3 жыл бұрын
Reyalite peyim lap pale krispek youn nan talan ki mande plus ankadreman nan IHM la
@wilmidesenat6709
@wilmidesenat6709 3 жыл бұрын
Mwen tande mizik sa two ta! Nenpot sak antre nan zorey mwen al chita nan sèv'om se sak fè se moun sa yo mwen tande,mwen pa vle sèvo'm kontamine.
@g7eveniet_sudre370
@g7eveniet_sudre370 3 жыл бұрын
Si media pa woulem pa grav, mpa yon pwent TeTe!!🔥🔥🔥🔥
@mikekerensky1989
@mikekerensky1989 3 жыл бұрын
Mwen renmen'w paske'm renmen tande bon flo.rap sèvo Mwen renmen'w ak 100℅
@alandyfilsgodla5149
@alandyfilsgodla5149 3 жыл бұрын
Konbyen nan nou ki satisfè de video a menm jan avè'm
@productionfoksoufoulong6745
@productionfoksoufoulong6745 Ай бұрын
Nerkrazem jodia se krispek map tande net 🎉❤ Mwen se youn nan fan ou kounya zoe Biguens ki fem damou atis la 🎉🎉🎉🎉🎉
@newgodalfred2124
@newgodalfred2124 3 жыл бұрын
Diyo m pa vin fè rap pou renmenm 🙌 m pa vin fè rap pou gouye toucher m pa vin fè rap pou renmenm🔥 m lage punch mw yo gratis siw vle wa prann 🔥nan chercher moderniser yo vin moderne ize relem professeur vibe mw s’on leson siw vle waprann🔥 lanmou vin naturel siw pa renmenm m paka fòsew renmenm✌️yow Krispèk map toujou fyè de ou bro ❤️👊
@lamaplezi3896
@lamaplezi3896 3 жыл бұрын
Siw love artis la menm jan avèm kite yon like jis pu fèm santi saa💥💥💥💪🏃‍♂️
@danielbourdeau5051
@danielbourdeau5051 3 жыл бұрын
M rnml bro 🔥🔥🔥🔥🔥🙌
@lamaplezi3896
@lamaplezi3896 3 жыл бұрын
Red💥💥💥💪
@Widjensofficial
@Widjensofficial 3 жыл бұрын
@@danielbourdeau5051 Hey boo m sot Abone a channel KZfaq ou an pase remet mwen li love bizou kokot
@Widjensofficial
@Widjensofficial 3 жыл бұрын
@@lamaplezi3896 Hey boo m sot Abone a channel KZfaq ou an pase remet mwen li love bizou kokot
@KendyLexy
@KendyLexy 2 ай бұрын
Jodia tndel plus ke 100 fois yow krispek u mizik u yo rive su yo bnm fos nan style mw mnm jn ak Fantom tut mizk li yo krakem nan diferans nou mesye yow one love anpil kouraj et mw mp like mp abone🤗🤗🤗🤗🤗💣💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💣🖒🖒🖒🖒🖒🖒🖒🖒🖒🖒🖒🤘
@lessormeexitho9978
@lessormeexitho9978 3 жыл бұрын
Si haïti yo te konn bay talan valè krispèk pa ta dwe mouri pov aplis neg pworet revolte yo gen dot tj mwn site geng best HT for life 🇭🇹✍🏽✍🏽✍🏽✍🏽
@full-techniclekirikou6125
@full-techniclekirikou6125 3 жыл бұрын
Son deba map fe chak jou ak atis parey mw yo, pa gen mizik ki paka vann, tt mizik komesyel, se lanmou se strateji ki konte....
@sondjithebest8682
@sondjithebest8682 3 жыл бұрын
Konbyen moun ki renmen kris la menm jan avèm
@ferossmisterbrain5461
@ferossmisterbrain5461 3 жыл бұрын
Ki Kris svp?
@Sads_tv_info
@Sads_tv_info 3 жыл бұрын
Ti lapli nou renmen
@Sads_tv_info
@Sads_tv_info 3 жыл бұрын
@@ferossmisterbrain5461 😂😂😂
@sondjithebest8682
@sondjithebest8682 3 жыл бұрын
@@ferossmisterbrain5461 kris peak
@juniorpetion8732
@juniorpetion8732 3 жыл бұрын
Yon neg tankou krispek pouki paka hit
@germainbdayyy966
@germainbdayyy966 Ай бұрын
🔥🔥🔥🔥🔥Bout vibe 🫡🫡🫡 neg ak talan 🫡🫡
@klaif1004
@klaif1004 3 жыл бұрын
M'pito rete pòv pou'm ba nou mizik rich tan pou'm anrichim sou do'n nan banou mizik pòv🔥🔥🔥 Siw renmenl
@czacza3220
@czacza3220 3 жыл бұрын
Gro talk
@lamaplezi3896
@lamaplezi3896 3 жыл бұрын
Siw pataje mizik lan menm jan avèm jis fèm wè nou san ipokrizi 💥💥💥💪🏃‍♂️
@davelybenjaminprevilonbp4936
@davelybenjaminprevilonbp4936 3 жыл бұрын
Si medya pa woulem pa grav mpat janm on pwent tete🔥🔥🔥🔥🔥
@lamaplezi3896
@lamaplezi3896 3 жыл бұрын
Enbyen krispek ou vin fèm repons sa la😂😂😂🏃‍♂️
@Widjensofficial
@Widjensofficial 3 жыл бұрын
@@davelybenjaminprevilonbp4936 Hey boo m sot Abone a channel KZfaq ou an pase remet mwen li love bizou kokot
@Widjensofficial
@Widjensofficial 3 жыл бұрын
@@lamaplezi3896 Hey boo m sot Abone a channel KZfaq ou an pase remet mwen li love bizou kokot
@wislysaint-fleur3854
@wislysaint-fleur3854 3 жыл бұрын
Mwen pa kwè gen moun ki pataje mizik sa pase m non telman patajel dwet mwen fèm mal. Em fenk kare patajel atis la rive sou mwen 👏👏👏👏👏👏👏👏
@darlyjean9645
@darlyjean9645 3 ай бұрын
M tandl plizyè fwa🥰🥰🥰
@novelastube2267
@novelastube2267 3 жыл бұрын
Antouka menmsi rap kreyol mouri, men depiw tande Krispek,,,D-fi,,,,Ken-fs,,,blaze-one,,,,PIC,,,ou gen espwa nou ka reviv li ankor🔈🔉🔊
@jamesgeorges862
@jamesgeorges862 3 жыл бұрын
Oubyen pliye fantom wi baz
@marckendycharles2469
@marckendycharles2469 3 жыл бұрын
Wap pale wi zantray c neg sa yo kap fh zòrèy mw bel wi
@pierrejeanclaudensjuniorse2262
@pierrejeanclaudensjuniorse2262 3 жыл бұрын
Ou padone ou pa konn saw di a
@Widjensofficial
@Widjensofficial 3 жыл бұрын
@@jamesgeorges862 Hey boo m sot Abone a channel KZfaq ou an pase remet mwen li love bizou kokot
@Widjensofficial
@Widjensofficial 3 жыл бұрын
@@marckendycharles2469 Hey boo m sot Abone a channel KZfaq ou an pase remet mwen li love bizou kokot
@tokowayiti3150
@tokowayiti3150 3 жыл бұрын
Gen 11 egri e mal konpri ki dislike muzik sa, bravo atis.
@user-xt8ze9dm1o
@user-xt8ze9dm1o 3 ай бұрын
Wendyyy voyem tande misye oui misye red map tan ft la
@mercidieufritzbert3009
@mercidieufritzbert3009 Ай бұрын
Wendy pa gen nuvo misye
@Jean_1j
@Jean_1j 3 ай бұрын
Mars 2024 eske'w la🔥🔥🔥🔥🔥
@Sad-Haiti
@Sad-Haiti 3 жыл бұрын
Le map koute rap krispek m retrouve D-FI la danl konbyen moun ki we sa menm jan a em
@star-glhommeose9137
@star-glhommeose9137 Жыл бұрын
M pa wèl mw
@Beellumination
@Beellumination 3 жыл бұрын
Si media pa WOULE'M, se pa Grav. Mwen pa yon PWENT Tete. #PUNCHLiNE 💣💥
@danileyoo895
@danileyoo895 3 жыл бұрын
Se mizik sa yo on neg k di ou pat janm tande a wi siw konprann bann on like
@karl-marxschweinsteiger1828
@karl-marxschweinsteiger1828 3 жыл бұрын
Tout sa ki 👎 pa kwe lan tet yo, pa kwe lan talent tout sa ki 👍 ke God la beni nou 💪 ede tt atis yo realise reve yo KRISPEK neg bef la
@ronydouyon4701
@ronydouyon4701 3 жыл бұрын
Siw renmen l Siw pataje l Siw voye vin gade l al tande l Sa ap montre w diferan siw banm anpil like sa ap montre m ou renmen l 🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥
@jeanbaptistechristopher1961
@jeanbaptistechristopher1961 3 жыл бұрын
7 moun ki dislike mizik lan se pa fòt yo se fòt konpreyansyon yo, paske se pa yon clash se just yon mesaj, yon konsèy kap bay nan text la... update mind nou ti mesye
@back-uptv8849
@back-uptv8849 3 жыл бұрын
Frèm, kenbe la wi. Saint-Marc
@pipiclairelemec641
@pipiclairelemec641 3 жыл бұрын
TOUJOU POU LANMOU ART PAM, PASKE SE SÈL LI KAP RETE. yon je t'aime pap sifi pou ou fanmim. mwen renmenl
@playdigi4295
@playdigi4295 3 жыл бұрын
Oufff oufff gade kmn Krispek vin pi red mesye Baky t gn rezon kouri pou feat la,anpil respect pou ou nèg bèf la koulya map tann ou sou ion track ak Kenfs Defi broh...
@johnnytapaje4825
@johnnytapaje4825 3 жыл бұрын
Si w rnmen l mnm jan avem fel mache 🔥🔥🔥
@guerriersporttvtv6339
@guerriersporttvtv6339 3 жыл бұрын
M renmen l, anpil pawol one love🔥🔥🔥🔥🔥💥💥💥💥
@SteevensonDaphis
@SteevensonDaphis 3 күн бұрын
Yow maestro mw renmen l anpil djazz
@ronyjnrony214
@ronyjnrony214 2 жыл бұрын
M jis sonje EFNer ak míster... Krispek anpill love brother
@toolyohach6431
@toolyohach6431 2 жыл бұрын
U fi'n pale oui brh
@kayne-one
@kayne-one 3 жыл бұрын
Lè map tande misye kap rap M wè jenerasyon sa pagn pwa pou misye Yohhh Krispèk focus zantray Success anh tou pre ya✨✨✌
@bwazolbwajoli528
@bwazolbwajoli528 3 жыл бұрын
🇭🇹
@carlracine5877
@carlracine5877 3 жыл бұрын
Pou kisa tout moun poko diw yo renmen w paske ou konn sak rap. one love ✊
@rocjeanpaul9974
@rocjeanpaul9974 3 жыл бұрын
Si media pa woulem pa grav m pat janm yon pwent tete 🔥🔥🔥 yow rap komanse touche ak niaj yo ak neg sa yo, e trè biento lap konn fimaman an.
@jaskypaul6129
@jaskypaul6129 3 жыл бұрын
Siw renmen l fòw atann gon lòt ki ka renmen l tou pataje l jwe l nan baz ou pa kenbel pou kòw 🔥🔥
@agenorpeggy4395
@agenorpeggy4395 3 жыл бұрын
Yow krispèk mw fout renmenl..donk map koutel nan kas mw poum kitel fèm vwayaje..mp woulel nan baz poum fè lôt renmenl..map patajel.mw deja fanatik..map sipôte pou pa mouri pôv emap kontinye koutew pou lesprim pa mouri pôv..Chapo ba gran frè
@j.toussaintboussicot7691
@j.toussaintboussicot7691 3 жыл бұрын
Krispek nég bèf la!!! Réd amòrrrrrr🔥💥🔥🔥
@Mrkensleyofficiel
@Mrkensleyofficiel 3 жыл бұрын
Siw renmenl krispek🔥🔥🔥🔥🔥
@Richardsonstlazarre
@Richardsonstlazarre 3 жыл бұрын
*🔥🔥🔥🔥Si'w Renmen'l al Pataje'l menm jan avè'm❤️❤️❤️❤️❤️*
@baleyoproductions509
@baleyoproductions509 3 жыл бұрын
Red bruh sa move si w renmen krispek menm jan avem pase banm abonné a tout mizik ka mache se moun G-black nou ye sa tou hit💥💣💣💣💣💣💣
@renaldojean5383
@renaldojean5383 3 жыл бұрын
Pa g on afè 2tandans konpa ou rap , se piblik ki bay hit🔥
@buencamino624
@buencamino624 19 күн бұрын
Congratulations brother it's zoebeeone beecool (ZBB🤟)
@youngmetropolotv
@youngmetropolotv 3 жыл бұрын
Si’w renmen’l pataje’l epi envite antouraj ou dekouvri’l si yo potko fè sa ann ale #Krispek💯❤️🔥
@kingkelebonfloofficiel
@kingkelebonfloofficiel 3 жыл бұрын
Évidemment ✍✍✍✍✍🎧🔊 yo kafèl rentable%%
@coolboyhaiti6075
@coolboyhaiti6075 3 жыл бұрын
Si'w renmen'l ban'm yon like red red bro
@angleagogogratis9701
@angleagogogratis9701 3 жыл бұрын
M pa gen problem si media pa woulem m pat janm yon pwent tete🙌
@eddydanestan2062
@eddydanestan2062 3 жыл бұрын
Dlo koule nan je'm pndan m'ap tnde track sa m pa knn pouki yn medya yo pa vle pwomot yn rapè knsa. Yow! Peko just knbe la freo wout la long men nap rive mnm si nap mizi anpil respè pou chak grnn track ou lage ki toujou rnn mw fyè paske map tnde'w.🙌🙌
@Ricardoelmorenito1234
@Ricardoelmorenito1234 3 жыл бұрын
Depi se Krispek ou paka pa renmenl respè model mwen🔥🔥🔥🔥🔥🔥
@djo-gsilence719
@djo-gsilence719 3 жыл бұрын
Si medya pa woulem c pa grav m pat janm yon pwent tete🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥.
@wislersagrage8430
@wislersagrage8430 3 жыл бұрын
Krispek,depi lèm ap konsome zik ou bro sa fin fèm paka trayi zorèy mwen ak lot vye son paske zik ou yo trè edifiant..
@duckenejeanpierre197
@duckenejeanpierre197 3 жыл бұрын
Mwen paka konte konbyen fwa mwen gade vidéos misuc sa mwen tèlman renmen Krispek anfen yow ou fò amò nèg lakay tout tan Saint Marc représente
@smile-boyc.h.v2280
@smile-boyc.h.v2280 3 жыл бұрын
M' santi mizik sa dedieu a platfòm Haitian stars lan,paske misye tap di fòk krispèk chanje stil rap lap fè poul k mete kòb nan pòch li
@petitfrerewilguens
@petitfrerewilguens 3 жыл бұрын
Text saa original Se 1er fwa m tande yon text konsa nan hmi la.se sa selman nou bezwen pou atis yo fe kob nan industri a✊💪🏽
@toppgvalere1772
@toppgvalere1772 3 жыл бұрын
Yow krispek. Respé ui . Li brom. Li tap inpotan. Poun sou yon bit ansanm. Ui zntray. Ou c model ui brom Nan rap,👍👍👍👍
@JoelSaintFleur-zs3ek
@JoelSaintFleur-zs3ek 23 күн бұрын
Krispèk gro bout m c stmarc for life
@konotipinok5991
@konotipinok5991 3 жыл бұрын
Anpil lov atis pam tt tan 🔥🔥🔥
@jamesfergilus7850
@jamesfergilus7850 3 жыл бұрын
Gen d-fi, ken-fs krispek se sèl atis depim pa tande yo m pa alèz 👍
@josephcolbert5335
@josephcolbert5335 3 жыл бұрын
Misye pa jnm feh music pou music wawwww ...misye fort anpl yon moun ki konn Sam di an e ki konprann Li banm yon like!!!!!
@johnsimilien1802
@johnsimilien1802 3 жыл бұрын
Anpil pawol anpil leson m konsiderem beni paskem viv pibel jenerasyon rap la respè fanmi🤝🤝🤝
@pierreandremarseille7398
@pierreandremarseille7398 3 жыл бұрын
Rèd rèd🔥🔥🔥. Poète revolté li ye, kout plim🖊️🖋️📝📝sa yo ap dire plis ke 💯 an, lè jenès la konprann type de mizik sa yo ap tankou hyme nasyonal la tankou janl te ye lontan kenbe la ti mesye map swiv nou.
@carlitossaintil243
@carlitossaintil243 3 жыл бұрын
Siw renmenl 🔥🔥🔥🔥🔥✅
@wedsonriviere8209
@wedsonriviere8209 3 жыл бұрын
Chak grenn efow fe rive sou mw pesonelman koz mw konn Sak bon map diw félicitation ak kouraj fanmi nan game sa
@bco5098
@bco5098 3 жыл бұрын
💯💯💯$i w Renmen l👈 Atann gen ou lot ki ka renmen l Jwe na Baz...
@wickensonoccine5083
@wickensonoccine5083 3 жыл бұрын
Se yon nèg ki te fèm dekouvriw depi sou "Yon liv nan Yon chapit" mw fèk kare fè moun ki pa konnenw dekouvriw...... Map jwel nan baz mw paskel renmenl.......
@miguelsonloptimiste1244
@miguelsonloptimiste1244 3 жыл бұрын
Franchement mwen we neg sa yo paka millionnaire!!! Mwen pa wè sak koz sa nn Bout rapè, belle teks
@geraljean556
@geraljean556 3 жыл бұрын
Zanmim frém krispek bon travay zanmim yo kenbe la yon.lé lavi ah gen poul souri pou ou
@andersonvictor3127
@andersonvictor3127 3 жыл бұрын
Depiw te ka konsyan de chwaw, se pa konpreyansyon lòt ki pwal diw kòmanw dwe fèl. Moun ki vle ale ak ou a, ap jis bezwen ou amelyorew plis nan chak pwojèw yo.
@handersonjeanjacques2165
@handersonjeanjacques2165 3 жыл бұрын
Yow krispe sa rèd bh yow uh c yn atis mw rnmn anpil ui bh kenbe la bh pa lage uh kn peyi nu dja bh rete fèm bh 🔥🔥🔥🔥🔥
@ronyckSaintelist
@ronyckSaintelist Ай бұрын
St marc ❤❤❤❤
@angeloloute9028
@angeloloute9028 3 жыл бұрын
Gwo bout atis neg bef la
@roncarlstalbord7359
@roncarlstalbord7359 3 жыл бұрын
Chak jou nou dwe pataje l. Mwen dekouvri atis la twò ta nan game lan.
@carlos-plezi4976
@carlos-plezi4976 3 жыл бұрын
Bout trak atis la kenbe la 🔥
@saintpierrewilkensonemmanu1535
@saintpierrewilkensonemmanu1535 3 жыл бұрын
Si medya pa woule'm c pas grave mpa yon pwent tete lollll krispèk respè broh kontinye travay la....
@davidvalmond5585
@davidvalmond5585 3 жыл бұрын
Latibonit liye anbet krispek amò🔥🔥 SKS PRODZ
@derlepenseur6919
@derlepenseur6919 3 жыл бұрын
Mwen renmenl sam renmen an se lèl di mw pito ret pòv poum f mizik riche 👏👏👏👏👏👏👏
@zopo_punchlms5019
@zopo_punchlms5019 3 жыл бұрын
Mizik sa pa mache sèlman li pete kouri tankou Def di l🔥🔥🔥🔥🔥🔥
@msproduction2747
@msproduction2747 3 жыл бұрын
M wè bout tonton avni nan krispek ui ,👍🎤🎙️
@aflibajdeprodz2132
@aflibajdeprodz2132 2 жыл бұрын
Ou kraze sa nan #ODT. m tou al tande tout mizik ou fh yo.... Ou red brother..... "Sim diferansyem se jis pou'n ka idantifye m." krispek🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥
@Motivasyon_509
@Motivasyon_509 3 жыл бұрын
Bèl paròl paske c ou menm ki atis la, ou kap jere tout bgay🙌😰
@kensleyjoseph1936
@kensleyjoseph1936 3 жыл бұрын
Si média pa rolem c pa grave koz m pat jnm on pwent tete 🔥🔥🔥mwen m renmn frap sa amor 💯🔥💯
@fleuridorsaykirt1758
@fleuridorsaykirt1758 3 жыл бұрын
Bnju poète rapper mw se yn fann depi pòtpe u vreman fò avèk respè wi toujou travay paske gn yn gran detèminasyon nan sa wap fè a
@jsdfokepositif5742
@jsdfokepositif5742 3 жыл бұрын
Redd zantray redd
@jeanlouisiusjoseph3991
@jeanlouisiusjoseph3991 3 жыл бұрын
Rap misye a lou anpil man! Respect bro, ou bay moun rezon pou yo tande rap bro.
@alixdieujuste9195
@alixdieujuste9195 3 жыл бұрын
Ye grand frè gwo bout pawol,gwo boit vérité nan Music sa M renmen pawol sa pa gen Music ki pa k mâché Facts ✌✌✌✌broh
@maggyinnocent8691
@maggyinnocent8691 3 жыл бұрын
SI MEDYA PA ROULEM PA GRAVV MPST JANM ON PWENT TT 💣💣💥💣
@lussaintnovaldin7218
@lussaintnovaldin7218 3 жыл бұрын
Siw toujou ap tandel menm jan avm moutrem sa
@djfranckohaiti7190
@djfranckohaiti7190 3 жыл бұрын
Antouka si nou renmen l lap mache 💯💯💯💯💯🔥🔥🔥✅
@fresneyjosuegesperfils5676
@fresneyjosuegesperfils5676 3 жыл бұрын
Média p'ap ka bòykote'w koz yo pa mégabite.... Too real gang✊✊ kontinye vanse zantray
@evensantoine3795
@evensantoine3795 3 жыл бұрын
Krispèk anpil respè, ou toujou fè mizik ki gen nanm
@faboulouslhoeschema9792
@faboulouslhoeschema9792 3 жыл бұрын
Bro vibe ou trè diferan de lòt yo bigo se sak ki fè fòs ou bro kenbe konsa bigo #respect bigo#
@johnsimilien1802
@johnsimilien1802 3 жыл бұрын
Mon cher bro anpil respect sa fem du bien le c nou kap fe efò AK grès kochon kap kwit kochon ✌️✌️✌️✌️🔥🔥🔥🔥🙏✔️
@spen-gtjpg1520
@spen-gtjpg1520 3 жыл бұрын
Yn bgy lot atis lan di,!!ou se atis 1 epi tout démarche ou k pou fè yo,kot ankadreman,esa ui yo bezwen w pouse tete avan pou yo koze avew.!!((Spen-G TJPG))
@zeco_zeco1617
@zeco_zeco1617 3 жыл бұрын
Yo w rèspè broh... Ou gen yon vibe move menn. Kenbe la paske limye a gen poul briye tout kote.
@leonelalfred190
@leonelalfred190 2 жыл бұрын
Ou pa menm bezwn mandem sim renmenl paskm deja feel li bro🔥🔥🔥🔥
KrisPek - BLIYE NON W [Son Officiel]
3:15
KrisPek Nèg Bèf La
Рет қаралды 124 М.
Always be more smart #shorts
00:32
Jin and Hattie
Рет қаралды 49 МЛН
Became invisible for one day!  #funny #wednesday #memes
00:25
Watch Me
Рет қаралды 54 МЛН
Вечный ДВИГАТЕЛЬ!⚙️ #shorts
00:27
Гараж 54
Рет қаралды 14 МЛН
KrisPek - Yon Liv Nan Yon Chapit (Audio)
4:30
KrisPek Nèg Bèf La
Рет қаралды 41 М.
Patne m yo Olkinsb3 (Official video)                              m pap pe mouri pou yo
3:17
KrisPek - MORT-NÉ [Official Video]
2:55
KrisPek Nèg Bèf La
Рет қаралды 158 М.
01. KrisPek - O.D.T (L’œil Du Tigre) [EP ODT]
3:16
KrisPek Nèg Bèf La
Рет қаралды 44 М.
Loco dahy / Sim Ta Tonbe Mouri [Video Official]
4:15
𝐫𝐞𝐚𝐥_𝐥𝐨𝐜𝐨𝐝𝐚𝐡𝐲
Рет қаралды 1,6 МЛН
KenFs - Trajedi vi m
3:41
KENFS OFFICIAL
Рет қаралды 777 М.
Lavi M Tris Krispek Ft Zomò Official Video
3:15
Labo Pics
Рет қаралды 655 М.
KrisPek - M'SE MWEN (Official Video)
3:16
KrisPek Nèg Bèf La
Рет қаралды 223 М.
I’m a GOAT - 47 Gshytt
2:40
47 GShytt
Рет қаралды 201 М.
02. KrisPek - Plan B feat ZOMÒ
3:35
KrisPek Nèg Bèf La
Рет қаралды 56 М.
Janona
4:09
Release - Topic
Рет қаралды 1,7 МЛН
Kobelek
4:11
6ELLUCCI - Topic
Рет қаралды 793 М.
Kendrick Lamar - Not Like Us
5:55
KendrickLamarVEVO
Рет қаралды 48 МЛН
Bakr x Бегиш - TYTYN (Mood Video)
3:08
Bakr
Рет қаралды 1,2 МЛН
BABYMONSTER - ‘FOREVER’ M/V
3:54
BABYMONSTER
Рет қаралды 58 МЛН